Nan lanne 1804, ayisyen ki te tounen esklav yo mete kolon fransè yo deyò epi yo konstwi yon nasyon lib. Men apre de deseni, fransè yo retounen vinn menase Ayiti epi fòse l aksepte peye “reparasyon” poutèt lafrans pèdi kòb, epi akoz kèk fransè te pèdi lavi yo. Akoz bato-de-gè fransè ki te anvayi kot yo, Ayiti te oblije aksepte. E pandan plizyè jenerasyon, peyi an te kontinye peye swadizan “dèt endepandans” li ak ansyen esklavajis yo, yon kòb pou libète yo ki te egal ak plizyè santèn milyon dola.

Ane 2025 lan pral fè 200tyèm anivèsè enjistis sa. Enpak goudougoudou “dèt endepandans” sa gen sou devlopman peyi D ayiti ak lòt sikatris kolonyalis lan kite nan ekonomi sosyete Ayisyèn lan kontinye ap fè ravaj jouk jounen jodi an.

Konferans Dash 2025 lan ap konsantre sou sijè “Verite, Solidarite ak reparasyon pou Ayiti epi mouvman mondyal pou reparasyon yo.” Nan evènman yo ap tou gen tou diskisyon ak konvèzasyon sou Istwa ak Enpak dirab “Dèt endepandans” Ayiti te fòse peye pandan l t ap fonde kòm nasyon ; Revandikasyon legal Ayiti pou reparasyon ak pouvwa li bay jarèt ak yon mouvman mondyal ki laj sou koze reparasyon yo ; Epi plan aksyon pou mobilize reparasyon pou Ayiti sou pèspektiv jiridik, komèsyal, devlopman ak sosyete sivil la. Diskou demaraj lan, se madanm Mildred Trouillot-Aristide, ansyen premye Dam peyi D ayiti epi avokat Amerikèn k ap fè l. Konferans ap tanmen an-pèsòn epi ap retransmèt andirèk epi tradui an kreyòl Ayisyen pou sila ki ta vle koute li. Moun k ap patisipe atravè transmisyon andirèk yo ap kapab poze kesyon ak panelis yo.

Konekte am konvèzasyon enpòtan sa k ap fèt sou Ayiti ak Mouvman mondyal pou reparasyon yo. Pou plis enfòmasyon sou panelis yo, n ap ka jwenn yo sou sitwèb nou a.

DISKOU DEMARAJ LAN

Ansyen premyè dam peyi d Ayiti an, Madam Mildred Aristide, ap gen pou l fè yon bèl diskou ki pral abòde eritaj toksik Koudeta 2004 lan — yon chapit ki kritik anpil nan Istwa d Ayiti, ki, anpati, se te reyaksyon akoz volonte ak odaa prezidan Aristid te genyen pou kontinye ak reparasyon pou swadizan “dèt endepandans peyi a” nan lanne 2003. Nan diskou sa, Madam Aristide pral redesinen batay sa a ki se pa pou kounya sou reklamasyon legal peyi d Ayiti epi mete presizw kouman lide pou n gen reparasyon an se pa sèlman yon kesyon Jistis Istorik men se yon etap esansyèl pou yon lavni estab epi pwogrè pou tout Ayisyen yo.

ENTÈVENAN
  • Madame Mildred Trouillot-Aristide speaking in group wearing white shirt and black glasses

    ANSYEN PREMYÈ DAM PEYI D AYITI EPI AVOKAT AMERIKÈN

    Madame Mildred Trouillot-Aristide

TAB DYALÒG YOUN — “DÈT ENDEPANDANS” PEYI D AYITI AK ERITAJ OPRESYON AN

Istwa “dèt endepandans” peyi d Ayiti se pa sèlman rezilta yon negosyasyon ki pa egal — se baz yon kanpay toutespre epi sistemik ki te gen wòl kraze brize tout fòs Ayiti antanke premye repiblik nwa nan lemond. An 1804, pèp Ayisyen an fè koule pwòp san l pou l pran endepandans li kòm premye nasyon nwa nan men Lafrans. Men reyisit Ayiti te vinn yon pwazon ki ka touye sistèm sipremasi blanch esklavajis lan ak kolonizasyon, sou li menm, pisans ki te egziste yo te tabli pou genyen richès yo ak enfliyans yo. Se sa k fè, an 1825, lè lame fransè an te retounen — avèk tout batodegè li sou pò ayisyen yo — li vinn egzije yo peye l 150 milyon fran pou l ka rekonèt endepandans ayiti te deja goumen pou l genyen an. Ayiti pa t gen chwa derefize. Lafrans itilize lajan sa l rele “Dèt endepandans” lan pou l peye esklavajis yo pou swadizan “pèt” yo : Valè tè Ayisyen ki te apenn sot genyen libète yo touswit apre yo t ap trete yo tankou bagay. Poutan, “dèt” sa se pa t sèlman yon chay finansye ; se te tou yon zak byen kalkile nan gè ekonomik ki te desinen pou mete ajenou devlopman peyi d Ayiti epi asire li pa p ka janm leve kanpe.

Tab diskisyon sa pral reflechi sou kouman “dèt endepandans” lan akouche yon seri evènman ki otomatikman bafwe souverennte ak devlopman pey d Ayiti, epi kouman dèt sa se te yon repons dirèk fas ak menas Ayiti ki lib-e-libè te siyifi nan Ajanda ekonomik mondyal enjis sa. Li pral chache konprann ki wòl Lafrans, Etazini ak Antrepriz finansyè entènasyonal yo nan fòse epi asire dèt sipremasi blan pa janm fini, anplis li plas gade kouman yo fè dire yon diskou kòmkwa se ta fòt pèp Ayisyen an si l ap fè fas ak tout defi sa yo. Li pral abòde tou kouman dèt sipremasi blan an pral souzestime tèt li nan batay peyi d Ayiti anplis kontinite anchennman depandans èd lòt peyi ki pa regle anyen nan chanjman lavi pèp Ayisyen an. Lekti entegral “dèt” sa a, epi plas li kòm youn mayon nan chèn opresyon, ki, depi plizyè syèk te esansyèl nan bouske jistia reparatris pou peyi d Ayiti.

ENTÈVENAN YO
  • Leslie Alexander

    DR. MARTIN LUTHER KING, JR. PROFESSOR OF HISTORY NAN INIVÈSITE RUTGERS ; OTÈ “FEAR OF A BLACK REPUBLIC: HAITI AND THE BIRTH OF BLACK INTERNATIONALISM IN THE UNITED STATES”

    Dtè Leslie Alexander

    Speaker profile

  • Peter James Hudson

    PWOFESÈ ASOSYE, DEPATMAN JEWOGRAFI NAN INIVÈSITE COLUMBIE-BRITANNIQUE

    Dtè. Peter James Hudson

    Speaker profile

  • Jake Johnston

    DIREKTÈ RECHÈCH ENTÈNASYONAL NAN CENTER FOR ECONOMIC AND POLICY RESEARCH ; OTÈ “AID STATE: ELITE PANIC, DISASTER CAPITALISM, AND THE BATTLE TO CONTROL HAITI”.

    Jake Johnston

    Speaker profile

  • Dr. Jemima Pierre

    PWOFESÈ RAS GLOBAL NAN INSTITUTE OF RACE, GENDER, SEXUALITY AND SOCIAL JUSTICE (GRSJ) NAN INIVÈSITE COLUMBIE-BRITANNIQUE ; MANM BLACK ALLIANCE FOR PEACE ; EPI MANM GWOUP TRAVAY AK REFLEKSYON SOU RESTITISYON AK REPARASYON NAN INIVÈSITE LETA D AYITI (ILA/UEH)

    Dtè Jemima Pierre

    Speaker profile

  • Charlot Lucien

    ENSTRIKTÈ SOU ISTWA NAN OLLI INSTITUTE, INIVÈSITE MASSACHUSETTS

    Charlot Lucien (moderatè)

    Moderator profile

BOUKANTAJ  AK OTÈ CHARLOT LUCIEN

Nan chita pale sa nou pral re imajine chimen Ayiti t ap tanmen si l pa t makonnen ak chèt dèt kraze zo sa Lafrans te fòse fè Ayiti pran aprè endepandans san te vèse pou li a. Kòm premye pèp nwa, premye ki kaba ak lesklavaj epi ki sèvi modèl pou lòt nasyon nwa ki te kolonize yo tou. Yon Ayiti ki te  dechaje do l ak yon fado sa a te ka tounen yon eritaj epi yon boukan rezilyans, otonomi ak posibilite. Konvèzasyon sila ki pral tanmen ak Charlot Lucien an pral fouye dwèt nan kalalou pou n wè si yon Ayiti ki pa t gen dèt pa t ap progrese tankou yon gwo fòs ekonomik epi kiltirèl enfliyan, epi nanmbèwonn nan zafè inovasyon ak pwogrè sosyal. Li pral fè elòj lespwi revolisyonè peyi d Ayiti epi pase egzamen istwa paralèl sa te ka genyen kòm repèkisyon, pandan l ap pwovoke n panse san n pa rann kont ak avni peyi d ayiti.

ENTÈVENAN YO
  • Charlot Lucien

    ENSTRIKTÈ SOU ISTWA NAN OLLI INSTITUTE, INIVÈSITE MASSACHUSETTS

    Charlot Lucien

    Speaker profile

  • Elisa Massimino

    DIREKTRIS EGZEKITIF ’HUMAN RIGHTS INSTITUTE EPI PWOFESÈ DE PASAJ NAN GEORGETOWN UNIVERSITY LAW CENTER

    Elisa Massimino (moderatè)

TAB DYALÒG DE  — REVANDIKASYON RESTITISYON PEYI D AYITI A: YON KLE POU N DEKADNASE JISTIS GLOBAL

Listwa d Ayiti a san parèy. Se te prenye nasyon ki koupe fache ak lesklavaj moun ki nwa epi sèl ki rive reyisi yon revolisyon. Men batay anblematik pataje yon eritaj esklavaj, kolonyalis ak kapitalis rasyal se sa k fè tout dyaspora afrikèn lan mete tèt ansanm ak lòt pèp ki te kolonize tou yo. Lòske premye prezidan demokratik ki te eli nan peyi d Ayiti an koumanse reklame restitisyon an an 2003, Lafrans ak Etazini te reponn ak yon koudeta kont gouvenman ayisyen an, kidnape prezidan epi mete anplas yon rejim ki lwayal ak soutyen blan etranje. Yon reyaksyon di konsa akoz Ayiti te sèlman reklame restitisyon pa t lòt ekspresyon sinon laperèz sizanka manifestasyon sou restitisyon sa ta pran chè ka debouche sou jistis kont doulè esklavaj la kite.

Kidonk, reyisi yon pledwari sou restitisyon pou peyi d Ayiti t ap akouche yon jirispridans pwogesis pou tout mouvman sosyal ki pou reparasyon patou nan lemonn, ki, t ap defye enjistis ak ansyen pisans kolonyal ak enstitisyon finansyè yo ki te kontinye ak pwofite eritaj esklavaj epi kolonyalis la. Ka Ayiti a agrandi vwa sila ki ap lite pou jistis reparatris la, solidarize pèp ki te abize pa kolonyalis pou yo ka batay pou lajistis ansanm. Se pou rezon sa, dosye Ayiti an se pa sèlman yon litij legal men tou yon kri pou lemonn mete tèt ansanm, epi makonnen ansanm batay y ap fè pou jistis nan tout dyaspora afrikèn lan ak lòt kote.

Tab konferans sa pral eksplore kouman revandikasyon legal pou restitisyon peyi d ayiti a epi kouman l mare sere ak mouvman mondyal pou reparasyon yo. Poukisa lòt pèp ki viktim konsekans esklavaj ak vyolans kolonyal yo ta dwe lye ak dosye Ayiti a? Kouman si Ayiti rive genyen revandikasyon sa, sa ka ede l bouste mouvman pou reparasyon yo nan mond lan? Kouman Ayiti kapab pwofite linyon revandikasyon l lan sèvi chapo, pandan lòt ansyen nasyon ki te viktim tou ka itilize resanblans ki genyen ak istwa pa yo epi pa ayiti a?

ENTÈVENAN YO
  • Monique Clesca

    KONSILTAN ENTÈSYONAL, KOMISYON RECHÈCH POU YON SOLISYON AYISYEN AK KRIZ LA

    Monique Clesca

    Speaker profile

  • Gaynel Curry

    MANM ESPESYALIS ENDEPANDAN, FOWÒM PÈMANAN NASYONZINI SOU PÈP D ORIJIN AFRIKÈN YO, PWOFESÈ ADJWEN SOU DWA NAN INIVÈSITE BAHAMAS

    Gaynel Curry

    Speaker profile

  • Ira Kurzban

    PATNÈ, KURZBAN, TETZELI & PRATT ; ANSYEN AVOKA AYITI PANDAN KANPAY RESTITISYON PREZIDAN ARISTIDE LA

    Ira Kurzban

    Speaker profile

  • Dr. Clarence Lusane

    PWOFESÈ, HOWARD UNIVERSITY

    Dtè Clarence Lusane

    Speaker profile

  • Britta Redwood (moderator)

    ESPESYALIS NAN DWA ENTÈNASYONAL EPI PWOFESÈ ADJWEN NAN SETON HALL LAW SCHOOL; FONDATÈ HISTORICAL REDRESS NETWORK

    Britta Redwood (moderatè)

    Moderator profile

ENTÈVASYON ESPESYAL
  • Ambassador Myrtha Désulmé

    REPREZANTAN PÈMANAN AYITI NAN ÒGANIZASYON LETA KI NAN AMERIK YO (OEA)

    Anbasadris Myrtha Désulmé

    Gade videyo a

TAB DYALÒG TWA— REPONN APEL AYITI

Depi 200 lane aprè fransè yo te fin piye Ayiti epi paralize ekonomi l pandan li te jis ap grandi, revandikasyon legal Ayiti pou yo remèt li “Dèt Endepandans” lan se kle pou li atenn  pwosperite, estabilite, ak otodetèminasyon. Si revandikasyon sa a reyisi, li ka ouvri pòt reparasyon pou tout pèp ki sibi esklavaj ak vyolans kolonizasyon an.

Kounye a, li lè pou n mobilize pou reparasyon sa pou Ayiti. Ane 2025 la make 200yèm anivèsè “Dèt Endepandans” lan epi demare dezyèm Dekad Entènasyonal Moun ki gen Desandans Afriken, ki, li menm mete aksan sou jistis reparatris akoz  konsekans esklavaj ak kolonizasyon yo. Jodi a, militan sosyete sivil ayisyen, lidè karayibeyen ak afriken, ak òganizasyon entènasyonal dwa moun yo pral mete tèt yo ansanm pou mande restitisyon dèt sa a. Momantòm lan ap ogmante gras ak devlopman Kad Operasyonèl Uit Pwen pou Restitisyon pou Ayiti nan kad kreyasyon Gwoup Refleksyon sou Reparasyon ak Restitisyon Konsènan Esklavaj ak Endepandans d Ayiti, epi patisipasyon Ayiti nan Komisyon Reparasyon CARICOM la. Defansè yo rekonèt Ayiti se kle chanjman mondyal la, e mouvman sa yo fèt pou mennen l sou bon chemen an.

Tab dyalòg sa a pral mete aksan sou aksyon ki pou pran nan diferan domèn tankou dwa, biznis, devlopman ak sosyete sivil. Ki estrateji avoka yo ka itilize pou avanse revandikasyon legal Ayiti a? Ki wòl konpayi ak bank yo dwe jwe pou reponn ak enplikasyon yo nan esklavaj ak enjistis istorik yo? Ki chanjman enstitisyon finansye entènasyonal yo dwe fè pou asire èd ekonomik yo pa vyole dwa Ayisyen yo? Ki kondisyon gouvènans Ayiti dwe genyen —tankou yon gouvènman demokratik kredib ak responsablite vizavi pèp la—pou avanse revandikasyon sa a? Ki wòl sosyete sivil entènasyonal la ka jwe pou sipòte mouvman sa a epi mete l an plas pou lavni Ayiti epi  tout batay reparasyon mondyal yo?

ENTÈVENAN YO
  • Nixon Boumba

    HAITIAN HUMAN RIGHTS ACTIVIST EPI MANM KOLEKTIF JISTIS MIN NAN AYITI

    Nixon Boumba

    Speaker profile

  • Dreisen Heath

    ESPESYALIS NAN JISTIS REPARATRIS, ANSYEN CHÈCHÈ SOU JISTIS RASYAL POU HUMAN RIGHTS WATCH

    Dreisen Heath

  • Ivan Noisette

    DIREKTÈ LEJISLATIV, CHANM REPREZANTAN ETAZINI

    Ivan Noisette

  • Enith Williams

    FONDATÈ/DIREKTRIS EGZEKITIF REPARATIONS FINANCE LAB

    Enith Williams

    Speaker profile

  • Brian Concannon (moderator)

    KO-FONDATÈ INSTITUTE FOR JUSTICE AND DEMOCRACY IN HAITI

    Brian Concannon (moderator)

    Moderator profile